Aprann Itilize QuickBooks
À propos du cours
Èske ou bouke jere kòb biznis ou nan yon kaye oswa sou fèy Excel ki pa janm ajou? Èske ou ta renmen konnen egzakteman konbyen kòb k ap antre, konbyen k ap soti, epi si biznis ou ap fè pwofi toutbon?
Jesyon finansye se zo rèl do yon biznis ki djanm. Si ou pa konn chif ou, ou tankou yon kapitèn bato ki pa gen bousòl.
Fòmasyon « Aprann Itilize QuickBooks » la fèt pou ou. QuickBooks se lojisyèl kontablite nimewo 1 nan mond lan ke gwo konpayi ak ti biznis itilize pou jere finans yo san tèt chaje.
Nan fòmasyon konplè sa a, nou pran ou men pa men, depi nan zero, pou nou montre ou an KREYÒL:
- Kisa QuickBooks ye e poukisa biznis ou bezwen li.
- Kòman pou enstale ak mete (configure) QuickBooks pou premye fwa.
- Kreye fakti pwofesyonèl pou kliyan ou yo epi swiv ki moun ki dwe ou.
- Anrejistre tout depans biznis ou yo pou konnen egzakteman kote lajan ou ale.
- Swiv kont labank ou epi fè rekonsilyasyon bankè (bank reconciliation) fasil.
- Jenere Rapò Finansye enpòtan (tankou Pwofi & Pèt) pou ou ka pran bon desizyon pou biznis ou.
- Jere envantè ou (si ou vann pwodwi) ak anpil lòt bagay ankò!
Pou kimoun kou sa a ye?
- Pwopriyetè ti biznis ak mwayen biznis.
- Antreprenè ki fèk kòmanse.
- Travayè endepandan (freelancers).
- Etidyan nan kontablite, jesyon, oswa finans.
- Nenpòt moun ki vle aprann yon konpetans ki gen anpil valè sou mache travay la.
Pa kite kontablite tounen yon maltèt pou ou. Pran kontwòl finans biznis ou jodi a!
Enskri kounye a epi kòmanse jere biznis ou tankou yon PWO!