Aprann Itilize QuickBooks

Liste de souhaits Partager
Partager le cours
Lien de la page
Partager sur les réseaux sociaux

À propos du cours

​Èske ou bouke jere kòb biznis ou nan yon kaye oswa sou fèy Excel ki pa janm ajou? Èske ou ta renmen konnen egzakteman konbyen kòb k ap antre, konbyen k ap soti, epi si biznis ou ap fè pwofi toutbon?

​Jesyon finansye se zo rèl do yon biznis ki djanm. Si ou pa konn chif ou, ou tankou yon kapitèn bato ki pa gen bousòl.

​Fòmasyon « Aprann Itilize QuickBooks » la fèt pou ou. QuickBooks se lojisyèl kontablite nimewo 1 nan mond lan ke gwo konpayi ak ti biznis itilize pou jere finans yo san tèt chaje.

​Nan fòmasyon konplè sa a, nou pran ou men pa men, depi nan zero, pou nou montre ou an KREYÒL:

  • ​Kisa QuickBooks ye e poukisa biznis ou bezwen li.
  • ​Kòman pou enstale ak mete (configure) QuickBooks pou premye fwa.
  • ​Kreye fakti pwofesyonèl pou kliyan ou yo epi swiv ki moun ki dwe ou.
  • ​Anrejistre tout depans biznis ou yo pou konnen egzakteman kote lajan ou ale.
  • ​Swiv kont labank ou epi fè rekonsilyasyon bankè (bank reconciliation) fasil.
  • ​Jenere Rapò Finansye enpòtan (tankou Pwofi & Pèt) pou ou ka pran bon desizyon pou biznis ou.
  • ​Jere envantè ou (si ou vann pwodwi) ak anpil lòt bagay ankò!

Pou kimoun kou sa a ye?

  • ​Pwopriyetè ti biznis ak mwayen biznis.
  • ​Antreprenè ki fèk kòmanse.
  • ​Travayè endepandan (freelancers).
  • ​Etidyan nan kontablite, jesyon, oswa finans.
  • ​Nenpòt moun ki vle aprann yon konpetans ki gen anpil valè sou mache travay la.

Pa kite kontablite tounen yon maltèt pou ou. Pran kontwòl finans biznis ou jodi a!

​Enskri kounye a epi kòmanse jere biznis ou tankou yon PWO!

Afficher plus

Notes et avis de l’apprenant

Encore aucun avis !
Encore aucun avis !