Graphic Design ak Video Editing : Kreye, Fè Lajan, Reyalize Rèv Ou

À propos du cours
Eske ou pare pou w fè yon etap avanse nan mond kreyativite a? Nan fòmasyon sa a, w ap aprann tout teknik graphic design ou te konn fè sou telefòn, epi n ap ajoute yon dimansyon pwofesyonèl: kreyasyon ak edisyon videyo pwofesyonèl sou òdinatè!
Avèk kou sa a, w ap kapab:
- Metrize tout fonksyon avanse Canva pou grafik ak videyo.
- Kreye kontni pwofesyonèl tankou logos, flyers, posts rezo sosyal, ak prezantasyon animasyon.
- Monte videyo atiran pou rezo sosyal, maketing, oswa pwojè pèsonèl.
- Travay sou pwojè pwofesyonèl, fè travay freelance, ak kòmanse yon biznis nan design ak videyo.
Sa w ap aprann:
- Teknik avanse nan graphic design ak layout sou òdinatè.
- Edisyon videyo: Koupe, ajoute efè, tèks animasyon, mizik ak transizyon pwofesyonèl.
- Kijan pou w optimize grafik ak videyo pou angajman maksimòm sou rezo sosyal.
- Estrateji pou vann sèvis ou ak fè lajan nan mond digital la.
Poukisa chwazi fòmasyon sa a?
- W ap devlope konesans ak konfyans nan itilizasyon òdinatè pou kreyasyon pwofesyonèl.
- Zouti fasil ak aksesib: Canva ak lòt lojisyèl senp pou ede w grandi.
- Yon opòtinite reyèl pou fè lajan pandan w ap fè sa w renmen.
Avni w ap tann ou! Sèvi ak talan ou pou kreye, fè lajan, epi vire rèv ou an reyalite avèk fòmasyon sa a.
Notes et avis de l’apprenant
Encore aucun avis !